Depi ane 2000, m ap fè kou literati nan Lekòl Nòmal Siperyè ki fè pati Inivèsite dEta dAyiti. Nan tan sa a, fakilte a tankou inivèsite a viv plizyè kriz. Men okenn nan kriz sa yo pa rive boulvèse l jan tranblemantè 12 janvye a fè l. Etidyan, pwofesè, dwayen, administratè ak lòt pèsonèl mouri. Gen anpil moun blese ak anpil destriksyon. Pifò fakilte yo pa ka sèvi ankò.
Epoutan nanm inivèsite a la toujou. Pifò dwayen yo la, pifò pwofesè yo la, pifò etidyan yo la toujou. Nou tout ap tann. Kijan inivèsite a ka vanse aprè gwo katastròf sa a ?
Pou plizyè inivèsite jodi a, pi gwo pwoblèm lan se jwenn lokal pou divès fakilte yo ka rekòmanse fonksyone. Onivo Inivèsite Leta a, gen yon pawòl Damyen k ap pale depi kèk tan. Kòmkwa tout fakilte Inivèsite a ta transfere nan espas Fakilte Agronomi a. Transfè sa a pa ka fèt si pa gen yon refòm total kapital ki fèt nan jan Inivèsite Leta a fonksyone. Majorite pwofesè nan inivèsite a travay lòt kote. Se kèk lè sèlman nan semenn lan yo fè kou. Kidonk distans y ap fè pou y al fè kou a pa ka twò long. Anpil nan etidyan yo oblije travay pou yo viv, souvan fè kou nan lekòl segondè ki nan anviwon Pòtoprens. Kidonk l ap difisil pou y al suiv kou Damyen.
Plizyè pwofesè Lekòl Nòmal pare pou yo reprann kou oubyen patisipe nan rankont travay avèk etidyan yo depi lontan. Malerezman, yo pa jwenn kote pou yo rankontre ak etidyan yo. Lokal kote Lekòl Nòmal te ye a pa t pou li.
Pandan Rektora a ap chèchè rezoud pwoblèm lokal la, se ta moman pou l panche tou sou fonksyonnman inivèsite a. Poukisa pa gen plis pwofesè ki gen inivèsite a kòm travay prensipal yo ? Aprè sa k pase 12 janvye a, peyi a pral bezwen anpil ekspè nan plizyè domenn. Pandan anpil moun ap kritike sitiyasyon kote se etranje k ap jwe wòl ekspè, inivèsite a pa nan pozisyon pou li fòme ekspè lokal si pa gen posibilite pou moun fè rechèch. Si pa gen yon bon bibliyotèk inivèsitè.
Fòk inivèsite ayisyen ta jwe yon wòl santral nan rekonstriksyon peyi a. Pou kounyè a, gen anpil bèl pawòl k ap pale sou inivèsite a, anpil reyinyon k ap fèt adwat agòch, men poko gen anyen konkrè ki fèt. Gen inivèsite prive ki deja reprann ak mwayen pa yo. Konsa tou, genyen ki poko menm debleye.
Pandan anpil moun ap di se pa yon bon lide pou tout etidyan ayisyen pati al fini etid yo nan lòt peyi, pandan anpil moun ap kritike fenomèn sa a, fòk nou klè sou sa n ap ofri etidyan yo. Si nou mande yo rete, fòk nou kapab di yo yon pawòl ki kenbe.
Kisa n ap atann de Inivèsite Leta a ? Tankou anpil lòt enstitisyon nan peyi a, se ta moman pou Inivèsite Leta a pwofite refè tèt li, pou li parèt yon lòt jan, pi djanm pase jan l te ye anvan an. Pou sa fòk ta gen yon pwojè ki etabli nan mitan kominote inivèsite a, ki t ap pèmèt tou li vin pi adapte pou sa sosyete a bezwen jodi a.
Li lè pou gen yon refleksyon serye ki fèt sou inivèsite a, pou li sispann jere kriz ak ijans sèlman, menm jan anpil lòt enstitisyon fè.
Pou kounyè a, dat ouvèti Inivèsite Leta a poko janm fikse vre. Premye pawòl ki te di, se te avril, apre sa 3 me, kounyè a se 17 me. Anpil moun ap tann ak enpasyans.
NM
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire