Affichage des articles dont le libellé est Kreyòl. Afficher tous les articles
Affichage des articles dont le libellé est Kreyòl. Afficher tous les articles

vendredi 18 janvier 2013

Eske nou li liv ki ekri an kreyòl yo?


Tande ap swete tout lektè nou yo bòn ane. Sa fè kèk tan depi nou pa ekri sou blòg la. Nou te menm ka panse tit dènye tèks mwen an se te yon fason pou mwen te tou di nou Tande fèmen. Se pa sa ditou. Ane 2013 la kòmanse pou nou ak anpil delè, yon maladi epi anpil aktivite pwofesyonèl. Men nou la, nou pa pi mal. N ap toujou kontinye pataje lide nou sou kilti ak literati ak lektè nou yo, epi nou toujou la pou nou tande nou. 

Mwen toujou eseye li anpil depi gen yon ti vakans. Se lè sa a tou mwen pwofite finalize dosye mwen gen pou remèt. Youn nan tèks mwen te gen pou m remèt nan mwa janvye a se yon biyografi Georges Sylvain. M tap travay tou sou yon tèks sou travay kritik ki fèt sou literati ayisyen an.

Menm jan ak anpil lòt moun, mwen konstate nan anpil diskisyon sou literati ayisyen, kritik ak lektè gen tandans neglije liv ki pibliye an kreyòl yo. Yo site Dezafi ak Krik? Krak!, men se kòmsi pa gen anyen ki fèt apre sa. Se domaj. Enterè liv kreyòl yo pa chita sèlman nan fè promosyon lang kreyòl la. Menm jan ak tèks literè ki ekri nan nenpòt ki lang, tèks kreyòl yo pèmèt lektè a pataje richès imajinasyon ekriven an oubyen konstate travay li fè sou lang la. Nan ka Ayiti a, li difisil pou yon moun arive konprann literati peyi a si li pa gen okenn ide sou sa kap fèt nan toulède lang nasyonal yo. Sitou anpil ekriven ayisyen jodi a ekri nan toulède lang yo. Anpil lektè  tou li tout kalite tèks nan de lang yo, menm si toujou gen plis pwezi ki ekri an kreyòl pase woman, teyat ak nouvèl. Men tèks sa yo la tou.

Mwen deja site Georges Sylvain ak Frankétienne. Ane pase nou te fete santyèm anivèsè Félix Morisseau-Leroy. Gen Georges Castera tou ki kontinye ap fè yon travay enpòtan nan domenn pwezi kreyòl. Dayè nan mwa me 2013, ap gen yon kòlòk sou pwezi Castera ekri nan toulède lang yo.

Men apa non sa yo anpil moun kapab rekonèt, gen lòt òte ki pibliye tèks enteresan an kreyòl nan ven dènye ane k sot pase yo. Anpil moun ki pa li tèks kreyòl yo di se paske yo pa konnen yo. M fè yon ti lis kèk liv an kreyòl mwen renmen anpil pou ede nou. 

  • Raoul Altidor,  Koulè Midi (nouvèl, 1999)
  • Bonel Auguste, Nan Dans Fanm (pwezi, 2012)
  • Pierre Michel Chéry,  Bèbè Gòlgota (woman, 2008)
  • Louis-Philippe Dalembert, Epi oun jou konsa tèt pastè bab pati (resi, 2008)
  • Josaphat-Robert Large, Rete! Kote Lamèsi (resi, 2008)
  • Evelyne Trouillot, Plidetwal (pwezi, 2006)

Jounen jodi a, gen anpil pwodiksyon literè ayisyen an kreyòl. Kèlkeswa stil ekriti, tip tèks ou renmen li, ou ta dwe kapab jwenn tèks an kreyòl kap fè w plezi. Mwa sa a, Words Without Borders pibliye yon nimewo spesyal sou Ayiti. Ladan l n ap jwenn ekstrè rekèy Sezon Malè Guy-Gérald Ménard pibliye ane pase. Gen plizyè antoloji ki fèt ann Ayiti kote nou kapab jwenn tèks an kreyòl ansanm ak tèks an franse tankou Haïti, par monts et par mots. Un atlas littéraire epi La vie et ses couleurs ki fenk parèt an desanm 2012. Gen plis liv bileng kap fèt kounyè a, sitou pou timoun. Jounen jodi a, timoun ayisyen yo gen anpil chwa nan liv kreyòl pou yo li. Dènyèman, GRAHN te rekonèt travay Jocelyne Trouillot Lévy nan literati kreyòl la. Depi plizyè ane Trouillot Lévy ap pwodui liv pou timoun ak adolesan an kreyòl. Edisyon lap dirije a spesyalize l nan pwodiksyon kreyòl. 

Tout sa se yon fason pou mwen di nou gen anpil otè k ap travay pou anrichi lang kreyòl la, pou nouri imajinè nou. Nan sans sa a, nou pwofite salye memwa Deita ki kite nou an desanm 2012. Travay li fè sou lang kreyòl ak kilti ayisyen trase chimen pou anpil lòt. Bibliyotèk Nasyonal Ayiti ap òganize yon jounen omaj pou Deita vandredi 25 janvye. 

Si nou pa abitye li liv an kreyòl, nou mèt kòmanse jodi a. Lè fini, vin di nou sa n panse. Ann bay patisipasyon pa nou nan travay kritik sou literati ayisyen an kreyòl. 


NM



samedi 31 décembre 2011

Men kontre, lyen kreye

Jodi a ane 2011 lan prale. Nan dènye semenn sa yo, gen anpil aktivite  ki montre enpòtans lyen Ayiti ak lòt peyi, lyen ayisyen ak lòt pèp. Nan sezon fèt la, nou vle soulinye lyen sa yo paske kilti ayisyen pat janm yon kilti ki te fèmen sou tèt li.

L.J. Janvier/ foto achiv CIDIHCA
A. Firmin/ foto achiv CIDIHCA
2011 te make san lane depi de kokenn chenn entelktyèl ayisyen mouri : Anténor Firmin ak Louis-Joseph Janvier. Si de pansè sa yo te travay anpil sou idantite ayisyen, sou kilti ak istwa peyi nou, yo te toujou pran anpil swen pou plase idantite ayisyen sa a nan yon kontèks ki pi laj toujou, pou montre plas Ayiti nan lemonn, jan sa kap fèt lòt kote gen yon enpak sou Ayiti epi kijan Ayiti kapab enfliyanse lòt peyi, lòt pèp.  Se domaj pat gen plis promosyon ki te fèt pou kòlòk ki te òganize sou Anténor Firmin nan Inivèsite Kiskeya pandan mwa desanm lan. Paske li enpòtan pou lide ni Anténor Firmin ni Louis-Joseph Janvier kontinye diskite nan sosyete pa nou epi nan espas entelektyèl an jeneral.

Nan mwa novanm ki sot pase a, Asosyasyon pou Etid Ayisyen te òganize 23zyèm kòlòk anyèl li nan vil Kingston nan peyi Jamayik. Anpil entevenan te pale sou lyen ki egziste ant Ayiti ak Jamayik – depi Boukmann rive nan fay ki travesè toulède peyi yo. Similarite ant de peyi yo pa rete nan nivo istorik oubyen jeyografik. Gen anpil similarite nan de sosyete yo jounen jodi a tou. Ekriven Velma Pollard te pale sou sitiyasyon lengwistik  jamayiken an ki sanble anpil ak sa k genyen Ayiti a. Si souvan pa bò isit nou kritike atitid anpil ayisyen – leta a tou – genyen parapò lang kreyòl la, entèvansyon Pollard la montre nou sitiyasyon pa nou miyò pase pa anpil lòt pèp. Fòk mwen sinyale tou, gen plizyè entèvansyon nan kòlòk la ki te fèt an kreyòl, pami yo, prezantasyon Jocelyne Trouillot-Lévy te fè sou sitiyasyon edikasyon siperyè ann Ayiti. Li enpòtan pou nou devlope lang kreyòl la nan tout kalite kontèks si nou vle li vin pi djanm: kreyòl ka pale nan kòlòk, li ka ekri sou blòg. 

Se pa lyen istorik sèlman ki egziste ant Ayiti ak lòt peyi. Gen lyen ki kontinye ap kreye jounen jodi a. Nou ka pran egzanp program Passagers du vent ki te lanse nan mwa avril 2011. Se yon rezidans ekriti ak kreyasyon atistik ki tabli nan vil Pòsali. Depi kèk tan, ekriven ak atis ayisyen patisipe nan anpil rezidans kreyasyon nan lòt peyi. Li te lè, li te tan, pou te gen yon aktivite konsa ann Ayiti, ki rekonèt nan peyi pa nou tou, atis yo kapab jwenn enspirasyon, epi sitou yon kote kalm pou yo kreye san twòp distraksyon.  Nou swete Passagers du vent, yon inisyativ James Noël ak Pascale Monnin ap kontinye pandan lontan. 

foto A.M.G. Ménard
Si Passagers du vent sanble premye program rezidans atistik nan peyi a, se pa premye aktivite literè ki fèt nan vil pwovens yo. Premye wikenn nan mwa desanm lan, plizyè ekriven te patisipe nan 27èm edisyon aktivite Livres en liberté nan vil Gonayiv. Se premye fwa aktivite sa a te dewoule nan vil endepandans lan. Daprè mwen, lòt edisyon aktivite a konn pi bèl, men deplasman ekriven plizyè gwo vil peyi a yo pou rankontre lektè yo pi pre lakay pa yo se toujou yon bon bagay.


Rankont ant otè ak lektè te fèt Pòtoprens tou. 21 desanm Livres Ouverts te òganize nan lakou Enstite Franse. Plizyè patisipan Passagers du Vent te la ansanm ak plizyè ekriven ayisyen ki gen liv ki fenk sòti oubyen ki gen yon zèv ki deja etabli. 23 desanm Dites-le avec un livre te fèt nan lakou Direksyon Nasyonal Liv la.   

Konsatou, aktivite tankou Artisanat en fête ak Femmes en production ankouraje pwodiksyon ak kreyativite lokal se vre. Men yo pèmèt tou lyen kreye ant moun ki rete nan diferan zòn peyi a. Depi plizyè mwa, chak wikenn, yon seri mèt baton Latibonit vin ofri kou baton nan Sant Kiltirèl Anne-Marie Morisset nan Delma. Aktivite sa yo, se ranfòse yo ranfòse kilti nou paske yo fè plis moun nan peyi a konnen kisa kap fèt nan diferan zòn yo pou nou tout kapab apresye bèl bagay k ap fèt lakay nou. 

Si tout kreyasyon ak ranfòsman lyen gen aspè pozitif yo, genyen tou ki charye tansyon. Depi tranblemantè 12 janvye 2010 la, gen yon kominote ayisyen ki kòmanse ap tabli nan peyi Brezil. Si nou kapab imajine tout posibilite pou echanj ak kreyasyon sitiyasyon sa a kapab fasilite, kondisyon ayisyen yo ap viv an Brezil kounyè a difisil anpil. 

Tout koneksyon k ap fèt pa oblije enplike plizyè peyi ni yon aktivite fòmèl. Gen lyen ki kreye nan yon echèl ki pi piti ki enpòtan tou. Ni mwen ni Régine se pwofesè literati. Nou toulède anseye literati ayisyen, pafwa nou sèvi ak menm tèks. Konsa, ane sa a Régine ak etidyan li yo nan Boston College kòmanse sa nou swete ap tounen yon tradisyon. Nan fen semès la, li mande etidyan l yo si yo ta renmen voye liv yo fin sèvi yo ann Ayiti. Konsa, li sanble 20 liv pou biblioyotèk ak etidyan Lekòl Nòmal Siperyè ak lòt kote tankou Sant Kiltirèl Anne-Marie Morisset. Mwen ekri deja sou difikilte mwen konn rankontre nan chwa liv pou kou m yo. Mwen panse kolaborasyon sa a ap ede anpil. Pami liv nou resevwa nan echanj sa a gen klasik tankou Gouverneurs de la Rosée epi tèks pi resan tankou Bicentenaire ak Saisons Sauvages

Pandan ane 2011 lan ap fini epi 2012 ap rive sou nou, fòk nou tout reflechi sou lyen ki enpòtan pou nou chak, nan nivo pèsonèl ak nan nivo kominote nou tou. Si medya nasyonal ak entenasyonal fè anpil bwi ak yon seri pèsonalite vedèt ki vizite Ayiti semenn sa yo – Ne-Yo ak Oprah Winfrey, Robert De Niro ak Kim Kardashian – nou panse gen lòt lyen kap kreye ki kapab pi enpòtan pou nou, pou peyi nou, pou kilti nou. 

Nou swete tout lektè nou yo yon bèl ane 2012!
NM