dimanche 10 octobre 2010

Chimen lekòl

Lekòl Repiblik Ekwatè nan Delma ki poko janm ouvri ane sa a
Lekòl ta sanse ouvri mwa sa a ann Ayiti. Ministè Edikasyon Nasyonal te programe rantre lekòl la pou lendi 4 oktòb. Men pi fò lekòl nan zòn tranblemantè a te frape a pa t ouvri pòt yo jou sa a. Genyen ki ranvwaye antre a pou youn oubyen de semenn. Gen lekòl ki fèmen pòt yo nèt. Genyen ki ouvri men ki pa konn pou konbyen tan yo ka kenbe.

Selon tradisyon ayisyen, Oktòb ta sipoze vle di blokis nan lari, bak machann devan pòt lekòl. Inifòm tout koulè k ap pran chimen lekòl. Ane sa a, se yon lòt koze. Ane sa a, blokis la se pa paske gen anpil timoun ki pral lekòl, men paske wout yo vin pi kraze toujou, yo plen debri, tant nan tout lari. Pandan Minis Edikasyon Nasyonal ap mande tout moun montre solidarite, elèv Lise Tousen ap fè manifestasyon pou yo mande gouvènman an deplase moun k ap viv nan lakou lekòl yo pou kou kapab kòmanse. Profesè ki pa touche depi plizyè mwa pa al travay. Genyen ki fè sit-in. Sa fè plizyè mwa n ap tande pale de valè kòb ki pral bay pou kore sektè edikasyon nan peyi a, pou fè tout ti ayisyen al lekòl gratis. Men oktòb rive sou nou. Kisa ki fèt vrèman ? Anpil moun isit ak medya yo tou gentan pale de echèk. Anpil moun gentan wè distans ki egziste ant timoun ki soti nan fanmi ki gen mwayen ak sa k soti nan fanmi ki pa genyen ap vin plis. Sosyete a ap vin pi dezekilibre toujou. Preske di mwa apre tranblemantè 12 janvye a, rantre lekòl la pèmèt nou wè valè travay ki rete pou fèt. Valè travay ki pa fèt, menm pandan tout kantite moun ak òganizasyon vle ede Ayiti ak Ayisyen. Nan nouvo projè CIRH la fenk aprouve, gen plizyè ki konsène edikasyon. Men si se 7 oktòb, kòb pou bati lekòl sa yo aprouve, kilè y ap disponib pou timoun ki bezwen al lekòl ?

Pitit pa m lan kòmanse premye ane fondamantal ane sa a. Eske l ap fè tout ane lekòl li nan lekòl prive ? Menm jan avè k lè m te lekòl, menm jan ak lè granparan l te lekòl ? Anpil moun te espere apre sa k te pase 12 janvye a, t ap gen kèk gwo chanjman nan sosyete a. Mwen poko wè chanjman sa yo. Si semenn sa a, gen kèk timoun ki kapab pran chimen lekòl, pi fò pa ka ale. Swa paske lekòl yo pa egziste ankò, swa paske espas lekòl la okipe, swa paske paran yo pa gen mwayen. Olye chak ti fondasyon, chak ti ONG, chak gwoup moun k ap anonse sa y ap fè pou timoun nan tèl kan oswa tèl lòt, ala bèl sa ta bèl si te gen yon anons nasyonal ki di bon jan lekòl ap gratis pou tout timoun jan konstitisyon an mande l. Ala bèl sa ta bèl si sa te fèt vre. Gen peyi kote lekòl prive se yon chwa, yon privilèj. Isit la, se sa ki nòmal pandan nou konnen majorite popilasyon an nan difikilte ekonomik. Se lekòl leta a ki vin yon privilèj. Gen yon epòk, lise yo te pami pi bon lekòl peyi a te genyen. Fòk nivo akademik lekòl leta yo tounen nan nivo ekselans sa a pandan tou yo kapab resevwa tout timoun nan peyi a. Tout paran vle sa ki pi bon pou pitit yo. Paran ayisyen pa ta dwe nan tout difikilte sa yo pou voye pitit yo lekòl.

Semenn sa a mwen kontan, mwen fyè paske ti pitit mwen an rantre nan lekòl fondamantal. Semenn sa a, mwen tris, mwen wont paske pi fò ti konpatriyòt li yo pa ka fè menm jan avè l.

NM

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire