samedi 22 janvier 2011

Pou nou pa bliye

Dimanch 16 janvye 2011 Jean-Claude Duvalier tounen Ayiti. Gen anpil moun, ann Ayiti ak lòtbòdlo ki poze tèt yo kesyon sou retou sa a. Genyen ki di yo sezi, yo pa konprann kòman Duvalier fè santi l alèz pou li rantre nan peyi a. Yo pa konprann kòman fè gen moun ki akeyi l san pwoblèm, ki mande pou li pran plas li nan sosyete a. Se vre gen moun k ap mande pou sosyete ayisyen an padone Jean-Claude Duvalier, ki mande pou nou tout rekonsilye pou sosyete a ka vanse. Sa ki klè se ke kesyon diktati a, sa l vle di, konsekans li ka genyen, tout ap debat jounen jodi a.

Youn nan kesyon ki soulve nan deba sa a, se kesyon memwa sosyete a. Nou te deja abòde kesyon sa a parapò a dat 12 janvye ki sot pase a. Gen anpil aktivite ki fèt pou make jou sa a, pou nou kenbe evenman an ak tout moun ki disparèt yo, tout sa ki blese yo, tout sa ki sibi yo nan memwa n. Men travay sa a pa fèt pou lòt evenman nan istwa peyi nou. Rejim Duvalier a se yon egzanp ki klè. Sistèm lekòl ayisyen an pa montre elèv yo kisa rejim Duvalier a te reprezante, kote li te soti, kijan li te fonksyone, ki konsekans li te gen sou sosyete a. Klas politik la pa tèlman pale sou sa non plis, menm lè gen anpil nan yo ki te viktim rejim Duvalier a.

Men sa pa vle pa gen okenn memwa rejim Duvalier a nan sosyete a ditou. Depi kèk jou, anpil moun ki te sibi represyon rejim sa a, anpil moun ki te temwen sa k te fèt nan epòk la ap pran lapawòl nan radyo ak televizyon. Yo ekri nan jounal tou. Genyen ki te deja pibliye liv sou sijè diktati a. Nan istwa literè peyi nou, gen plizyè reprezantasyon rejim Duvalier a ak lòt rejim diktati. Anplis merit literè yo, liv sa yo enpòtan paske se memwa peyi a yo charye. Men yon lis kèk liv fiksyon ki trete kesyon diktati a. Mwen si gen lot mwen bliye. Tanpri, sèvi ak espas kòmantè a pou ede m konplete lis la. Fòk nou pa bliye.



NM

9 commentaires:

  1. For those of you who don't read Creole, you can always open our blog in Google Chrome or use Google Translator to get an idea of what was said.

    Pour ceux d'entre vous qui ne lisez pas le créole, vous pouvez toujours lire le blog en utilisant Google Chrome ou utiliser le service de traduction de Google pour avoir une idée approximative de ce qui a été dit.

    RépondreSupprimer
  2. I was waiting for the Spanish, Italian and Chinese translations too, but oh well!
    Mesi anpil pou ti rale sa ou fe sou listwa peyi d'Ayiti ak bon jan infomasyon ou founi nou. Mwen panse ke se fot historyen peyi a ak sistem edikasyon trou nan manch la ki sanse aji kom si Duvalier pat fe pati litwa peyi a. Fok nou pa bliye tou ke pi fo moun na popilasyon a se you pil jen'n ki pa gen plis ke 25 an. Yo pat pase anba men rejim diktati a. Sitou le paran yo sanse represante historyen nan la vi jenn moun sa yo.
    A koz ke Peyi a degrengole desann san lod ni okenn pwogre yo santi ke diktati a te ofri you la vi miyo. Anpil moun pa konprann paske yo fet ak libete la parol nan bouch. Li pat toujou konsa paske te gen you epok tout moun te oblije mete baboket nan bouch yo. Si non, yo tap pedi anpil dan ou byen la vi yo menm. Fok you moun te gen anpil kouraj pou te pale kont gouvenman.
    Men kounye a tout moun nan lari ap pwoteste, yo menm fe dezod san ke sote. Fok nou apresye sa. Mwen pap janm bliye.
    Mesi anpil anpil pou ti rale sila.
    Tanpri fem gras pou tout fot mwen fe nan konmante a. Mwen fe anpil efo pou resi ekri sa jan li ye la... M'espere na konprann.
    Mesi davans.

    RépondreSupprimer
  3. Maybe I'll try my hand at the Spanish, Italian and Chinese next time!
    M pap fe w gras pou fot ou fe nan komante a, paske mwen pa jwenn fot! Donk efo ou fe a abouti.
    Mwen dako avek anpil nan sa ou di yo. M swete eksperyans n ap viv kounye a ap sevi pou raple nou enpotans istwa nan yon sosyete. Nou tout gen wol pa nou pou nou jwe.

    RépondreSupprimer
  4. Ce commentaire a été supprimé par l'auteur.

    RépondreSupprimer
  5. Eskize'm, men mwen pat jamen panse ke ou te you madam ki san pitie pou le bouro e ki pa janm padonen moun. :) Men selman, piga bri piga kont, map tan'n vesyion Spanish, Italian ak Chinese yo.
    Kom lang nou, le pli souvan, se moun kap ekri'l la ki met li, yo ekri jan yo vle. Chak fwa mwen jwenn you tradiksyon mwen panse ki bon, mwen jwen'n you lot ki diferan. alos mwen toujou Konnen ke map grenen kreyol maron. Antouka fok mwen aprann lang sa kan menm. :)
    ok an'n kite kantik e pran prye. Mwen ta renmen voye you e-mail pou ou men mwen pa gen adres la. La rezon se ke mwen deside pou ekri you "Feature Story" sou ou si ou ta dako pou mwen fe sa. M panse ou kontibyie anpil sou kesyion literati peyi d'Ayiti, se poutet sa mwen ta renmen ekri li.
    Wa fe'm konnen kisa ou panse sou sa. Ou pa bezwen santi'w jennen pou di'm non paske map ekril kan menm:) lol fwa sa mwen pap menm mande'w pou ou padon'm paske mwen deja konnen repons la. Si ou ta vle kontakte mwen sou sa, mwen tap kontan anpil. Ou ka eki mwen nan adress rapadoux@gmail.com
    Mesi davans e mwen swete ke ou panse sou sa.
    Mesi pou jantiyes ou paske mwen jwen'n minm san fot nan teks mwen an le'm kompare repons mwen an ak repons paw la. Map konsidere sa kom ti padon mwen te mande'w e ou te refize'm la.:)
    M espere repons ou pozitiv.
    Chris

    RépondreSupprimer
  6. Great! I'll be expecting it.
    Thank you

    RépondreSupprimer
  7. This says so much of how myself and many others felt... the Haitian community forgets all too quickly. Another reason why education in the schools and withing families is so important and needed. Those who are taught their history have it ingrained in hem and respect it. I have posted this on my fb and twitter pages to help spread Tande's posts.

    RépondreSupprimer
  8. Thanks for spreading the word, Sha. Indeed, a firm knowledge of history is essential for any society to progress.

    RépondreSupprimer