Mwa pase a, m te pase detwa jou nan vil Durham nan eta Karolindinò Ozetazini. Menm jan mwen te konstate l an Frans, mwen wè Ayiti toupatou. Gen yon katye nan vil Durham ki rele Hayti. Li difisil pou n detèmine ki premye moun ki te deside bay katye a non sa a. Men pa gen dout non a fè referans a peyi dAyiti. Gen moun ki di nan epòk la, blan meriken te bay tout katye nwa pote non Ayiti. Gen lòt ki di se abitan zonn lan ki deside ba l pote non sa kòm omaj a premye repiblik nwa a. Katye Hayti nan vil Durham te tabli nan fen 19èm syèk. Se la pi fò moun nwa vil la te abite. Ansyen esklav te achte tè la. Yo te bati kay, lekòl, legliz ak anpil biznis. Hayti te sèvi kòm modèl pou kominote nwa ameriken an. Men nan ane 1950 yo, katye a kòmanse degrade lè otorite vil Durham deside lanse yon pwojè pou renouvle zòn lan. Yo kraze kay ak biznis, swadizan pou bati nouvou bilding. Men se yon otowout ki vin pase nan mitan katye Hayti a. Gen yon pwojè fim ki bay tèt li misyon presève istwa katye sa a.

Gen anpil etid ki fèt sou migrasyon apati Ayiti, sou ayisyen ki etabli Ozetazini, an Frans oubyen Kanada. Men m panse fòk ta gen plis etid ki montre kijan Ayiti kite mak li sou plizyè vil nan lemon, sou jan Ayiti kontinye ap enfliyanse imajinè kolektif plizyè kominote.
NM