dimanche 26 juin 2011

A l’attention des écrivains haïtiens


La revue Callaloo projette de faire un numéro spécial consacré à la littérature haïtienne contemporaine. Vous êtes tous invités à soumettre vos textes. Vous trouverez les détails sur leur site. Les éditeurs cherchent aussi des dessinateurs, plasticiens et photographes. A noter que la date limite est le 1er décembre 2011. A vos plumes!

vendredi 17 juin 2011

Liv Liv Liv!

Semenn sa yo plen aktivite liv nan vil Pòtoprens. Te gen dizyèm edisyon Fête du livre jeunesse 28 me ki sot pase a. Dènyèman mwen te ekri sou timoun ayisyen ki pa jwenn ase liv pou yo li. Fèt liv jenès sa a gen 10 an depi l ap ankouraje timoun li, ankouraje paran ak lekòl achte liv pou timoun. Ane sa a li te fèt Petyonvil, nan espas lekòl Frères de Pétionville. Plizyè konpayi edisyon te gen stann tankou EDITHA, CUC, Choucoune… Anplis akitivite ki te òganize pou amize timoun yo tankou kont, devinèt ak maryonèt, gen yon espas lekti ki te amenaje kote timoun te ka chita li. Te gen yon seleksyon liv tout edisyon ki te la yo disponib pou sa.


Si nan mwa me, nou te jwenn chans achte liv timoun pi bon mache, nan mwa jwen an, se tout kalite liv k ap disponib nan Livres en Folie. Depi 17 lane, se yon okazyon pou tout kalite moun rasanble pou vann liv, achte liv, pale sou liv… Gen moun tankou m ki eseye achte pi fò liv y ap bezwen pou ane nan okazyon sa a kòm se lè sa a liv yo pi bon mache.


Ane sa a gen anpil inovasyon ki fèt nan kad Livres en Folie. Òganizatè yo met ansanm pou lanse La Quinzaine du Livre. Gen pyès teyat k ap jwe, gen atelye sou edisyon, konferans k ap bay, pwojeksyon fim... Kalandriye aktivite yo disponib sou site Le Nouvelliste. Menm jan sa fèt chak ane, ane sa a ankò gen yon envite spesyal : Edwidge Danticat. Edisyon Près Nasyonal edite 4 liv li nan okazyon sa a.


Nan kad aktivite Livres en Folie yo, yè swa te gen yon seremoni omaj pou Paulette Poujol-Oriol ki mouri nan mwa mas. Fanmi otè a te la, zanmi li ak anpil moun ki rekonèt valè li genyen pou kilti peyi a. Otè, pwofesè, komedyen, Paulette Poujol-Oriol se yon moun ki te fè anpil pou pataje konesans li, kilti li ak jenerasyon ki vin apre l.  


Se vre aktivite tankou Fête du livre jeunesse ak Livres en Folie pa ka rezoud pwoblèm aksè liv ki genyen ann Ayiti. Men nou kapab di aktivite sa yo kontribye nan ankouraje moun li, nan fè pwomosyon liv, nan kreye espas pou moun pale sou sa yo ekri, sou sa yo li.


Konsatou, nou espere pote kontribisyon pa nou nan pwomosyon kilti ayisyen. Se poutèt sa, anplis paj liv la, nou ajoute yon kalandriye ki ka mete lektè nou yo okouran kèk aktivite kiltirèl k ap fèt Pòtoprens ak lòt kote tou. Ou kapab toujou fè nou konnen ki aktivite k ap fèt nan zonn pa w la, ann Ayiti oswa nan nenpòt lòt peyi.  Fè nou konnen tou sa w panse de « look » sit la ki chanje ! Kontakte nou nan nadeve.regine@gmail.com.  

NM