lundi 31 mai 2010

Daso-Miss

Nouvèl la fin gaye kounye a. Depi 16 me, gen yon nouvo Miss Ayiti. Sarodj Bertin pral reprezante Ayiti nan konkou Miss Universe k ap fèt ozetazini nan mwa dout. (Se espre mwen fè m pa met foto Sarodj Bertin ak tèks sa a.)

Men Bertin pa genyen okenn konkou nasyonal ki ta ba l dwa al reprezante Ayiti nan konkou Miss Universe. Dapre atik ki pibliye nan jounal Le Nouvelliste, se plis yon seleksyon ki te fèt. Plizyè lòt medam ki te patisipe nan evènman dimanch 16 me a di se pa nan konkou yo te envite yo. Yo byen sezi lè yo wè kouronn ap bay. Dayè, menm si yo ta konnen se yon konpetisyon pou tit Miss Ayiti ki t ap fèt, nenpòt moun ta gen dwa konteste rezilta yo. Òganizatè evènman sa a (m pa alèz pou m t a rele l konkou) se Repiblik Dominikenn yo sòti. Preske tout manm jiri a, se panyòl yo pale jistan yon tradiktè te nesesè pou kandida yo ak jiri te ka pale youn ak lòt. M pa fin konprann poukisa se Dominiken ki t a vin chwazi yon Miss Ayiti ann Ayiti. Premye enfòmasyon k te bay te fè konprann papa Sarodj Bertin, Jean Bertin, nan gwoup òganizatè a. M pa konn nan ki peyi, nan ki konkou, li nòmal pou pitit òganizatè a ta ka patisipe nan yon konkou. Jean Bertin bay vèsyon pa l nan edisyon 28 me jounal Le Nouvelliste. Li di li pa t patisipe nan òganizasyon konpetisyon an. Li pa eksplike poukisa se li ki t ap ede chèche ajans pou jwenn medam pou kanpe anfas pitit li nan konpetisyon an. Li pa eksplike poukisa se Dominiken ki pou òganize konkou Miss Ayiti. Si gen anpil pale anpil sou istwa sa a nan medya ak sou entènèt, jiskaprezan pa gen anyen k di Sarodj Bertin p ap ka reprezante Ayiti nan konkou Miss Universe la. Kijan sa fè posib ?

Repons lan pa twò difisil. Poukisa pou Dominiken pa vin òganize konkou Miss Ayiti pou nou, lè konsèy ki pral dirije peyi nou a, se Repiblik Dominikenn l ap rankontre ? Desizyon k ap pran sou inivèsite ayisyen an, se aletranje y ap pran. Sèl fòròm sou inivèsite a k te fèt isit, ministè edikasyon Repiblik Dominikenn lan te nan òganizasyon l. Valè ONG ki debake nan peyi a depi 12 janvye, pesonn pa gen kontwòl yo, se nòmal Ministè Lakilti pa konnen gen yon konkou Miss Ayiti k ap fèt, ni nan ki kondisyon li dewoule.

Men gen bagay ki kapab fèt toujou. Ministè Lakilti kapab fè sòti yon kominike pou di li pa rekonèt Miss Ayiti sa a. Ministè a kapab di « Miss Ayiti » sa a pa otorize reprezante peyi a. Si konpayi Miss Universe la vann franchiz bay moun nan chak peyi pou òganize konkou nasyonal la, fòk leta ta chèche konnen poukisa se Dominiken ki gen franchiz pou Miss Ayiti a. Menm si ni Ministè Lakilti ni ankenn lòt òganis leta pa reyaji, se pa pou sitwayen ayisyen rete bèbè. Tout moun ki santi yo angaje nan kesyon sa a kapab fè tande vwa yo pou di sosyete ayisyen an pa rekonèt Miss Ayiti sa a, pou nou denonse kalite pratik sa yo.

Fòk nou veye pou zòt pa pran ni kilti nou ni peyi nou daso.

NM

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire