mardi 11 septembre 2012

Vwayaj literè



c. Le Coin de Pierre-Génie civil


Vakans twa mwa se okazyon pou anpil moun pwofite fè yon deplase, wè yon peyizaj ki pa menm ak sa yo wè chak jou a, rankontre lòt moun, lòt kilti. Ane sa a, tout vwayaj mwen fè pandan vakans lan se anndan peyi a. Li enpòtan pou mwen pou pitit fi m pa konnen sèl Pòtoprens. M panse tout ti ayisyen ta dwe konn peyi yo, pou yo wè sa k bèl lakay yo epi tout richès ki genyen.

Se nan ide sa a, nou te vizite MUPANAH (Mize Panteyon Nasyonal Ayisyen), ki la nan Pòtoprens lan, men se premye fwa nou te deside al vizite l en famille. Gid nou an te ba nou anpil enfòmasyon sou diferan epòk istorik yo. Timoun yo te byen kontan wè epe Desalin avèk kouwòn Adelina Soulouk. Anvan nou te kite mize a, mwen te li kèk paj nan liv vizitè a. Li fè m wè jan mize a ak tout sa k ladan l yo enpòtan pou noumenm ayisyen, pou nou kapab jwenn tras konkrè istwa nou, pou nou sonje kote nou sòti ak sa nou reyalize.

rantre Fò Jak
C. Rémy
Pitit mwen potko gen 2 mwa premye fwa m te mennen l Fò Jak. Kòm mwen sispèk li ka pa sonje premye vizit sa a, nou te tounen ankò ane sa a. Fò a deteryorye anpil. Gen kèk kanon ki la toujou, men fò a merite yo fè anpil travay ladan l. M sonje lè m te lekòl, direksyon an te konn òganize vizit Fò Jak. M pa konn si sa fèt toujou. Men sòti sa yo gen tout enpòtans yo pou timoun yo kapab apresye istwa peyi a kòm yon bagay ki te egziste tout bon, pa sèlman yon seri pawòl ki ekri nan liv. 

Pandan vakans yo, nou te ale Jakmèl tou. Jakmèl gen repitasyon tankou youn nan vil kiltirèl ki pi enpòtan nan peyi a. Lè nou te ale a, se pat epòk kanaval, ni nou pat vizite atelye atizana. Men apresye anbyans vil la sèlman, wè yon seri kay ki la depi lontan te kont -- san n pa bliye benyen nan lanmè! Epi depi m al Jakmèl, mwen sonje Hadriana dans tous mes rêves. Se kòm si mwen wè wout machin lan te fè ak Germaine Villaret-Joyeuse… Fwa sa a, se premye fwa mwen te remake nou pase devan Tonm Gato pou n rive Jakmèl. M poko ka rive konnen kote non sa a soti, men ni Syto Cavé, ni Georges Castera ekri tèks sou ti kote sa a.

 E. Ménard


Mwen te toujou tande moun di se Grandans ki pi bèl nan tout depatman Ayiti yo, men tande ak wè se de. Ane sa a se premye fwa m vizite Jeremi ak kèk lòt kote nan Grandans ak Sid la tankou Kanperen, Dam Mari, Ans Deno… M kapab di vre pou sa mwen konnen nan peyi a (m poko fin wè tout kote!), se Grandans lan ki pi bèl vre. 
Pandan mwa jiyè a, mwen te li dènye liv Kettly Mars la : Aux frontières de la soif. Nan liv sa a, pèsonaj yo soti 
Pòtoprens pou rive Zabriko. Mwen te kontan kapab suiv menm wout ak pèsonaj yo. Jean-Claude Fignolé parèt nan liv la. Konsatou, lè nou rive Zabriko, nou menm tou nou te wè Jean-Claude.


Se yon bagay mwen toujou renmen, pou mwen li liv kote istwa a ap dewoule yon kote mwen konnen. Lè m tap prepare doktora m, m te li plizyè liv Henri Lopes. Yo te fè yon gwo enpresyon sou mwen epi banm anvi konnen peyi li : Kongo Brazavil. M espere yon jou m a rive fè vwayaj sa a. Antouka, lè m rive Jeremi, mwen sonje Les Chemins de Loco-Miroir; map imajine kote Violaine te rete, kote Alexandre te abite, ki kote yo te konn rankontre. M si prochenn fwa m li liv sa a, map li l yon lòt jan. Konsatou, se apre vwayaj sa a, mwen li de liv Syto Cavé: Une rose rouge entre les doigts et Qui d’un soir. Jeremi ak tout Grandans lan travèse tèks yo. M gen enpresyon si m te li yo anvan m te fè vwayaj sa a, mwen pa tap rive byen sezi tout sa tèks yo ap di. Gen imaj mwen pa tap ka wè byen. Map tou pwofite di pou fanatik Alan Cavé yo, si nou renmen chante « J’ai besoin de toi » a, nou met chèche li « Chanson » Syto Cavé a:

                                               ...
                     Je t'aime à faire braire la ville
                     Dans son décor d'acier et de béton
                     En lettres capitales je gueule ton nom
                     Sur ce brouillon d'asphalte
                    Jusqu'au python du quai
                     Et la mer à mes pieds bouillonne
                     Puis se fige comme du papier mâché
                    Je suis un vieux rocher
                    Que la mer a sculpté à la mémoire d'un grand désastre
                    Je suis la plus belle catastrophe qu'ait inventée l'amour
                                                       ...

Vwayaj mwen fè pandan vakans lan te pemèt mwen aprann anpil bagay sou istwa peyi a. Pa egzanp, mwen pa t janm konn enpòtans Bomon nan endistri kafe a. Youn nan pi bèl moman m panse pandan ete a se chita sou yon galri Bomon ap bwè kafe. Men vwayaj la se te sitou yon fason tou pou mwen kontinye ekri istwa Ayiti pa m lan. Nou chak gen youn. Nou ka fè l pi rich si nou chèche alimante l. Nan ane 1998, Cultura te soti yon nimewo spesyal ki rele Voyage à l’intérieur de nous-mêmes kote plizyè ekriven te gen pou kreye yon tèks apre yon vwayaj yo fè anndan peyi a. An 2009, Asosyasyon Etonan Vwayajè Ayiti a pibliye yon atlas literè ki rele Haïti par monts et par mots. Ladan l plizyè otè ekri sou diferan kote nan peyi a : yon vil, yon katye, yon kay. Si m te konn ekri, tèks pa m lan, m tap fè l sou Jeremi. 

Mwen remesye C. Rémy ak E. Trouillot, ki pèmèt mwen sèvi ak foto yo pran pandan vwayaj nou yo ak R. Legagneur ki te òganize vwayaj Jeremi a. 

NM




1 commentaire:

  1. Ayiti plen bel kote pou moun vizite e si yo kontinye ranje wout yo plis moun ap fe touris lokal. Si m te kapab m tap vizite on nouvo pwovens chak ane, malerezman map viv NY donk sa pa posib. Stp kontinye montre bote peyi a. Menm jan chante a di "Ayiti s'on gwo ti peyi. Se pa manti non, Se pawol serye." #Enjoy

    RépondreSupprimer