dimanche 30 septembre 2012

Ann sonje Limàn Kazimi


Mwa sa a, Atelier Jeudi Soir lanse yon koleksyon ki rele Gwo pèsonaj nan lavi peyi Dayiti. Chak liv sa yo rakonte lavi yon moun ki make sosyete ak kilti peyi nou a. Liv yo ekri an kreyòl ak franse. Yo sitou vize timoun, men granmoun ap jwenn anpil enfòmasyon ladan yo tou. De premye liv ki parèt nan seri a se Mèt Jonas, granmèt baton an Lyonel Trouillot ekri ak Yon fi, yon gita, yon vwa ki rakonte vi Limàn Kazimi. Se Evelyne Trouillot ki ekri liv sa a. Nou byen kontan li dakò pataje kèk ide sou jan l te viv ekriti liv sa ak lektè Tande yo. 




Depi nou kòmanse reflechi sou pwojè  « Gwo pèsonaj nan lavi peyi Dayiti », youn nan premye non ki vini nan tèt mwen se Limàn Kazimi. Se poutèt sa mwen ekri liv sa a : Yon fi, yon gita, yon vwa. Se te tankou li te nan lespri m, li t ap tann okazyon pou li sòti. Se te yon fason pou mwen fè plis konesans ak atis la, ak fanm lan tou.  Mwen te sispèk li pa t ap fasil, men mwen pa t konprann li t ap pote tout fristrasyon sa yo lakay mwen.
Poukisa? Paske enfòmasyon sou gwo michan atis sa a, ki make sèn kiltirèl ayisyen an, pa anpil ditou. E pandan mwen t ap fè rechèch yo, m blije poze tèt mwen anpil kesyon. Poukisa yon atis, yon fanm ki make lavi kiltirèl peyi a pandan yon bon moman, ki kite chante ki vin senbolize Ayiti, pase nan listwa san sosyete a pa make pasaj li? Mwen fouye nan vye jounal, sou entènèt, mwen al vizite moun ki te konnen l, mwen poze yo kesyon. Plis mwen pale ak moun, plis mwen li, plis mwen tande vwa l, plis mwen wè sa mwen te konprann deja : se yon sosyete kote gen diskriminasyon, kote li difisil pou gwoup sosyal yo melanje. Nou tout ki tande l konnen Limàn Kazimi se te yon moun ki te gen yon kokenn chenn talan, men mwen vin aprann tou se te yon moun ki te gen pèsonalite l, ki te gen fyète l. Sosyete nou an, sitou epòk sa a, pat kite anpil plas  pou moun eksprime endividyalite yo.
Yon pakèt detay nan lavi Limàn Kazimi rete flou, ata dat li te fèt, dat li mouri  pa klè, ki maladi li te genyen pa klè, ki kote li te mouri pa klè. Men sa ki sèten e ki dwe fè nou reflechi tou : li mouri nan mizè, li mouri poukont li. Jan poèt Koralen di nan chante li ekri pou Limàn Kazimi a se kòmsi tout moun ki te konn antoure atis la abandone l lè afè l pa bon, lè li tonbe malad. Se pa yon sèl moun ki lage l, se sosyete a ki lage l, ki pa sipòte l. Sa pa vle di Limàn Kazimi se te yon sent, tout sa li te fè te bon, te kòrèk. Se pa jijman map pote sou vi li, m ap atire atansyon sou de pwen enpòtan.  
Premyèman, m ap di pou valè talan atis sa a te genyen, li p at dwe mouri nan kondisyon li mouri a. Malerezman anpil lòt atis ayisyen mouri nan move kondisyon tankou Limàn Kazimi. Sa montre nou pa bay atis nou yo ase valè alòske se yo ki pote peyi a anpil fwa avèk bèlte yo kreye. Dezyèman, ka Limàn Kazimi an pi grav paske se tankou sosyete a pase yon twal pou li efase lavi atis sa a, tankou li pa t enpòtan ditou. Yo kenbe chante li yo epi yo efase detay lavi li tankou li p at janm egziste.
Mwen kontan anpil pwojè sa a k ap ede timoun, jenn ak tout lòt Ayisyen ki enterese gen plis enfòmasyon sou moun, fanm kou gason, ki make istwa peyi a. Nou gen yon pwoblèm memwa nan peyi a, nou bliye fasil, lavi a tèlman di bò isit, se jounen jodi a ki la anfas nou, nou bliye yè, nou bliye avantyè, alòske si nou pa gade dèyè detanzantan nou p ap konprann ki wout pou nou fè pou nou rive pi lwen. N ap repete ak zòt, Ayiti pa remèt anyen. Gen anpil moun ki akonpli bèl bagay isit. Li lè li tan pou nou aprann ki moun yo ye, pou nou bese chapo devan yo.
Mwen remèsye moun ki te konnen Limàn Kazimi e ki te aksepte pale m de li. Mwen te konsilte tout sa mwen te ka jwenn sou entènèt, men pa t gen anpil nouvo enfòmasyon. Liv ki bay plis enfòmasyon se Mémoire de Femmes Jasmine Claude-Narcisse ekri ak kolaborasyon avèk Pierre-Richard Narcisse. Se atik sa a majorite sit sou entènèt yo reprann.

Limàn Kazimi
Yon tifi, yon ti kòmè pwovens
Ki rive Pòtoprens
Vini chache lavi
Yon tifi, san fanmi san zanmi
Yon gita anba bra l
Ak yon espwa nan vwa l
Lè l kanpe, lè l kanpe pou l chante
Wosiyòl k ap pase vin poze pou tande
Se konsa anvan 1 an pase
Bèlè kou Bwavèna se de li y ap pale.
Nan yon ti kay san limyè
Ki te nan lakou Fò Senklè
Genyen yon fi ki pwatrinè
Se la yo di l remize
Gen yon sèl moun k ap okipe l
E se pa toulejou l vini
Se de twa timoun nan vwazinay
Ki konn fè ti goutay
Pou ba li manje
San konnen se yon dènye zanmi
Se yon dènye fanmi:
Limàn Kazimi
Lè l mouri, lantèman l ap chante
Tout moun li te fè byen yo youn pa prezante
Men se te yon jounen san solèy
Syèl la t ape kriye tout nyaj yo te pran dèy
Pye lorye ki gen sou plas Sentàn
Yo pliye yo panche pou yo salye Limàn
E nan van, nan van ki t ap pase
Gen moun ki fè sèman yo tande l ap chante
                                       Jean-Claude Martineau (Koralen)




-Evelyne Trouillot

3 commentaires:

  1. Mèsi anpil, e chapo ba, Madanm Trouillot! Chak pwen ou fè enpotan, wi! M te travay lontan avèk yon gwo tanbouyè ki sòt prèske menm epòk ak Limàn Kazimi. (M kwe Kazimi te fèt anvan.) Mesye a mouri mwa fevriye ane sa. Legasyon ni konsène m anpil, akòz pwoblèm anmnezi ou analize isit.

    Tanpri, ba m enfòmasyon pou m achte ti liv la. M bezwen enspirasyon pou travay mwen, epi m ta renmen konnen Limàn Kazimi pi byen. Mèsi davans pou asistans ou. Enkò, konpliman!

    RépondreSupprimer
  2. Evelyne Trouillot pa arive mete repons li sou sit la. Li mande m fè l pou li:

    Bonjou Lois Wilckens,
    Mèsi pou remak ou yo.
    Si ou Ayiti, ou ka jwenn liv la nan libreri La Pleiade, Kanape Vè osnon Petyonvil. Mwen konnen editè yo pral depoze liv la nan Haitian Book Center nan Nouyòk kote moun ki aletranje ka kòmande l.
    Mwen kwè li enpòtan pou chak moun ki wè pwoblèm lapèt memwa sa a travay nan domèn pa li pou fè konnen epi kenbe eritaj nou. Kouraj pou travay w ap fè nan domèn mizik la.
    kenbe,
    Évelyne Trouillot

    RépondreSupprimer
  3. Pawol sa bel anpil e se verite li ye: "Nou gen yon pwoblèm memwa nan peyi a, nou bliye fasil.Gen anpil moun ki akonpli bèl bagay isit. Li lè li tan pou nou aprann ki moun yo ye, pou nou bese chapo devan yo." Nou tout konnen l men se le on moun di l ke nou vreman reflechi sou li. Mwen apresye travay la e espere ke anpil lot ekriven ekri liv sou lot atis pou piblik la gen istwa yo nan pla men yo.

    RépondreSupprimer