Tande ap swete tout lektè nou yo bòn ane. Sa fè kèk tan depi nou pa ekri sou blòg la. Nou te menm ka panse tit dènye tèks mwen an se te yon fason pou mwen te tou di nou Tande fèmen. Se pa sa ditou. Ane 2013 la kòmanse pou nou ak anpil delè, yon maladi epi anpil aktivite pwofesyonèl. Men nou la, nou pa pi mal. N ap toujou kontinye pataje lide nou sou kilti ak literati ak lektè nou yo, epi nou toujou la pou nou tande nou.
Mwen toujou eseye li anpil depi gen yon ti vakans. Se lè sa a tou mwen pwofite finalize dosye mwen gen pou remèt. Youn nan tèks mwen te gen pou m remèt nan mwa janvye a se yon biyografi Georges Sylvain. M tap travay tou sou yon tèks sou travay kritik ki fèt sou literati ayisyen an.
Menm jan ak anpil lòt moun, mwen konstate nan anpil diskisyon sou literati ayisyen, kritik ak lektè gen tandans neglije liv ki pibliye an kreyòl yo. Yo site Dezafi ak Krik? Krak!, men se kòmsi pa gen anyen ki fèt apre sa. Se domaj. Enterè liv kreyòl yo pa chita sèlman nan fè promosyon lang kreyòl la. Menm jan ak tèks literè ki ekri nan nenpòt ki lang, tèks kreyòl yo pèmèt lektè a pataje richès imajinasyon ekriven an oubyen konstate travay li fè sou lang la. Nan ka Ayiti a, li difisil pou yon moun arive konprann literati peyi a si li pa gen okenn ide sou sa kap fèt nan toulède lang nasyonal yo. Sitou anpil ekriven ayisyen jodi a ekri nan toulède lang yo. Anpil lektè tou li tout kalite tèks nan de lang yo, menm si toujou gen plis pwezi ki ekri an kreyòl pase woman, teyat ak nouvèl. Men tèks sa yo la tou.
Mwen deja site Georges Sylvain ak Frankétienne. Ane pase nou te fete santyèm anivèsè Félix Morisseau-Leroy. Gen Georges Castera tou ki kontinye ap fè yon travay enpòtan nan domenn pwezi kreyòl. Dayè nan mwa me 2013, ap gen yon kòlòk sou pwezi Castera ekri nan toulède lang yo.
Men apa non sa yo anpil moun kapab rekonèt, gen lòt òte ki pibliye tèks enteresan an kreyòl nan ven dènye ane k sot pase yo. Anpil moun ki pa li tèks kreyòl yo di se paske yo pa konnen yo. M fè yon ti lis kèk liv an kreyòl mwen renmen anpil pou ede nou.
- Raoul Altidor, Koulè Midi (nouvèl, 1999)
- Bonel Auguste, Nan Dans Fanm (pwezi, 2012)
- Pierre Michel Chéry, Bèbè Gòlgota (woman, 2008)
- Louis-Philippe Dalembert, Epi oun jou konsa tèt pastè bab pati (resi, 2008)
- Josaphat-Robert Large, Rete! Kote Lamèsi (resi, 2008)
- Evelyne Trouillot, Plidetwal (pwezi, 2006)
Jounen jodi a, gen anpil pwodiksyon literè ayisyen an kreyòl. Kèlkeswa stil ekriti, tip tèks ou renmen li, ou ta dwe kapab jwenn tèks an kreyòl kap fè w plezi. Mwa sa a, Words Without Borders pibliye yon nimewo spesyal sou Ayiti. Ladan l n ap jwenn ekstrè rekèy Sezon Malè Guy-Gérald Ménard pibliye ane pase. Gen plizyè antoloji ki fèt ann Ayiti kote nou kapab jwenn tèks an kreyòl ansanm ak tèks an franse tankou Haïti, par monts et par mots. Un atlas littéraire epi La vie et ses couleurs ki fenk parèt an desanm 2012. Gen plis liv bileng kap fèt kounyè a, sitou pou timoun. Jounen jodi a, timoun ayisyen yo gen anpil chwa nan liv kreyòl pou yo li. Dènyèman, GRAHN te rekonèt travay Jocelyne Trouillot Lévy nan literati kreyòl la. Depi plizyè ane Trouillot Lévy ap pwodui liv pou timoun ak adolesan an kreyòl. Edisyon lap dirije a spesyalize l nan pwodiksyon kreyòl.
Tout sa se yon fason pou mwen di nou gen anpil otè k ap travay pou anrichi lang kreyòl la, pou nouri imajinè nou. Nan sans sa a, nou pwofite salye memwa Deita ki kite nou an desanm 2012. Travay li fè sou lang kreyòl ak kilti ayisyen trase chimen pou anpil lòt. Bibliyotèk Nasyonal Ayiti ap òganize yon jounen omaj pou Deita vandredi 25 janvye.
Si nou pa abitye li liv an kreyòl, nou mèt kòmanse jodi a. Lè fini, vin di nou sa n panse. Ann bay patisipasyon pa nou nan travay kritik sou literati ayisyen an kreyòl.
NM
Rekonet vale literati peyi w, se travay pou devlopman kiltirel tout bon vre. Gen kek woman ki paret nan twa denye ane yo. Pwoblem lan ekri an kreyol pou plizye moun ki nan domen ekriti, kidonk ki pale e fe pwomosyon liv kontinye konsidere liv kreyol kom yon folklo, nan sans limite yon kilti ki la pou amize moun e ki ekri pou lespri ki feb.
RépondreSupprimerKanta pou literati jenes an kreyol, sanble se yon madichon ki doub: ekri an kreyol plis ekri pou timoun ou jen. Yo sanle y akize nou de enfantilis. Zafe yo. Men, m toujou twouve dwol, anpil moun sa yo admet ak rezon, Alice au pays des merveilles ak kek lot bel tit etranje pou timoun, se literati. Ale konprann sa k pase nan tet zot!
Se Jocelyne Trouillot ki pataje remak sa yo.
It is great to see recognition and a list of written Kreyol works. There is certainly a lack of awareness of the many resources and works available, your list gives us a starting point of a few to read. I was amazed at the amount of Kreyol books and novels written for children to be found in Haiti, but a relative lack of books in Kreyol for adults. The adult books were all in French. Perhaps this is a consequence of the teaching system in the country, and the stigma of the French language, but I think that Haitian-American's will have an important role in the preservation and sustainability of written Kreyol. There is an important job to be done and prejudice to be overcome. Though French has been the other national language in the country of Haiti, there must be a movement towards to integration of Kreyol into Haiti's infrastructure as well as the culture of the country's bureaucracy. I agree with your final statement, we can definitely begin reading Kreyol today and supporting the expansion of written Kreyol.
RépondreSupprimerI'm glad you find the list useful. I'm not sure what the role of Haitian-Americans will be in preserving written Creole -- all of the works on my list were published in Haiti -- but the more people involved, the better. I think also the fact that so many children's books are published in Creole will lead to the publication of other works as well. As the children grow into adulthood, they will demand more and more reading material. Thanks for joining the conversation at Tande!
RépondreSupprimerNM
Lekti kreyol tre enpotan pou ayisyen an Ayiti e sa kap viv lot kote tou. Le ou ka pale lang peyi w ou ede kilti ak istwa peyi a vwayaje lot kote. Gen anpil vale ak enfomasyon istorik ak kiltirel ki konn pedi le nou tradwi yo nan lot lang. An plis enpotans li, lang kreyol la gen on bote nan li. Li tankou on pwezi le wap li l.
RépondreSupprimermore please!
RépondreSupprimerMerci beaucoup
RépondreSupprimer